Paske nou fe yon gwo bout tonton gol libete, nan mitan kare eksplwate colon le yo tap trete nou tankou bet nan match esklavaje nan chanpyona la coloni, ekip ekspwate fe ko sou do pep ayisyen pou yo fe nou vale frekansite sa.
Jwet la bosal pou nou, yo ban nou tout move kou jwet la pa dako, yo trennen nou nan labou ak yon anbago apwe 1084, nou la pi red, yo antre nan kare fyete nou an 1915 anba yo okipasyon, nou goumen pi red, yap woule boul magouy sou nou depi 1986 ak pwop move jwe ti grangou peyi ya, nou fe rezistans pi red, an 2004 gwo ane 200 zan libete pep ayisyen, yo anvayi kare ogey pep lib nou ak yon fos etranje, yo bwote, piye, gaspiye, banboche, bay maladi, an 2010 men'm la te tranble devan mechante ya fe nou, malgre tout bagay sa yo, nou re kanpe, men'm ekip dezyem divizyon nou t retire anba bouche esklavaje ap ranse avek nou, 11 fevrier 2015 yo fe yon krim sou yon pwochen parey nou, yo pan'n malere ya tankou bet sou yon plas piblik, yo mache sou drapo nou, yo men'm piye anbasad peyi nou, jwet bosal la toujou ap jwe, abit yo bay pou DROIT DE L'HOMME nan la, souflet ti sousou, rasis li nan fey bouche li, li pa janm soufle fot pou pep ayisyen.
Ayisyen parey mw, gol la fe yo mal, ken'n moun pa pou nou, nou pou kont nou sou teren ipokrizi dwa moun nan le mond antye, an nou mete tet nou ansanm, kout fwet imilyasyon yap ban nou nan tout lot peyi mange zantray nou men'm jan, map rele sekou bay chak gren'n ayisyen parey mw, paske
" SE WOU SEL MW GENYEN, SE MW SEL OU GENYEN"
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire